Nan tan lontan, depi mwa Desanm rive, tout katye te pran yon lòt aparans. Nou te konn wè moun ap netwaye lakou yo, ap bale lari, ap dekore espas yo ak sa yo genyen. Te gen yon anvi kolektif pou fè fèt la pi bèl, pou renouvle, pou prepare kè ak lespri pou Nwèl ak nouvèl ane a
Sezon Desanm lan te pote yon chalè espesyal nan fanmi ayisyen yo. Pentire kay,chanje mèb plas,epi achte bèl rad. Tout sa pa t fèt pou fè bèl devan moun sèlman, men pou bay lavi yon sans, respè, ak diyite.
Tradisyon fèt fin dane sa yo te senbolize lanmou fanmi, inite, ak transmisyon valè. Se te moman kote granmoun chita ak timoun, rakonte istwa, montre disiplin, epi raple enpòtans respè ak solidarite. Kominote yo te vin pi vivan, pi ini, pi konsyan de tèt yo.
Men jodi a, yon gwo kesyon n ap poze : èske tradisyon sa yo ap pèdi plas yo nan sosyete a?
Anpil jèn pa santi menm emosyon sa ankò. Anpil paran, anba chay lavi a, pa gen menm mwayen ni menm fòs pou kontinye tradisyon sa yo. Ensekirite, kriz ekonomik, chomaj, ak estrès lavi chak jou mete fanmi yo anba gwo presyon. Lè gen paran k ap goumen pou mete manje sou tab la, pentire kay vin tounen yon liks.
Nou pa la pou jije pèsonn, men pou reflechi ansanm. Paske tradisyon sa yo te ede nou kenbe diyite nou, menm lè nou pa t gen anpil mwayen. Yo te fè nou santi nou fyè de espas nou, de fanmi nou, de kilti nou. Yo te raple nou richès pa sèlman nan lajan, men nan fason nou viv ansanm.
Se poutèt sa, chak Ayisyen dwe poze tèt li kestyon sa a :
kisa mwen menm, pèsonèlman, mwen ka fè pou tradisyon pa nou yo pa mouri nèt?
Li pa nesesè gen anpil lajan. Yon ti netwayaj, yon ti rasanbleman fanmi, yon diskisyon ak timoun yo sou valè lavi tout sa konte.
Paske pandan mond lan ap chanje, pandan tan ap pase, rasin pa nou pa dwe rache. Tradisyon se idantite nou. Si nou kite yo disparèt, se yon pati nan nou menm ki pèdi.
📲 Ne ratez rien avec Potomitanm
Recevez directement nos dernières nouvelles sur votre téléphone via notre chaîne WhatsApp officielle.
🚀 Rejoindre la chaîne WhatsApp Potomitanm


