Premye janvye se pa yon jou tankou lòt jou yo nan kalandriye a pou pèp ayisyen an. Se yon jou ki pote yon doub siyifikasyon : se fèt Endepandans Ayiti epi an menm tan se premye jou nan ane a. Nan tan lontan, jou sa a te gen yon sans pwofon, yon sans istorik, kiltirèl ak sosyal ki te rasanble tout pèp la.
Se te yon gwo moman pataj ak inyon. Fanmi yo te konn reyini ansanm pou selebre Endepandans peyi a pandan y ap swete youn lòt bòn ane. Manje, bwè, ri ak diskisyon te konn ranpli lakou ak kay yo. Soup joumou, senbòl libète ak viktwa pèp ayisyen an, te toujou okipe yon plas espesyal sou tab la.
Se te tou yon moman kote timoun yo te gen gwo wòl pou jwe. Yo te konn abiye bèl, soti lakay yo pou ale di fanmi, vwazen ak granmoun “Bòn Ane” epi “Bòn Fèt Endepandans”. Se te yon fason pou pase tradisyon, respè ak lanmou de jenerasyon an jenerasyon.
Nan epòk sa yo, anpil aktivite te konn òganize pou make jou sa a. Te gen bal timoun, kèmès, jwèt ak animasyon nan plas piblik yo.
Jounen jodi a, anpil nan bèl pratik sa yo prèske disparèt. Presyon lavi a, ensekirite ak difikilte ekonomik fè anpil fanmi pa kapab viv premye janvye tankou anvan. Olye de fèt ak rasanbleman, se souvan kè sote, laperèz ak estrès ki domine. Kòm pèp, nou santi nou pèdi yon pati nan nanm nou.
Malgre tout sa, premye janvye rete yon jou sakre pou Ayiti. Li raple nou batay zansèt nou yo, sakrifis yo, ak valè libète a. Se responsablite nou pou n kontinye transmèt sans jou sa a bay pitit nou yo, pou n kenbe flanm Endepandans lan limen, epi pou n kontinye swete youn lòt yon ane ki pi bon, menm nan mitan difikilte yo.
📲 Ne ratez rien avec Potomitanm
Recevez directement nos dernières nouvelles sur votre téléphone via notre chaîne WhatsApp officielle.
🚀 Rejoindre la chaîne WhatsApp Potomitanm


