Depi kèk tan, sitwayen nan vil Okap ap viv ak yon gwo enkyetid aprè plizyè ka kote yo jwenn moun mouri anndan machin. Dènye evènman an, ki pase madi sa a nan mitan jounen an, vin ranfòse krent nan tèt popilasyon an.
Nan lokalite Baryè Boutèy, nan antre vil Okap, otorite yo dekouvri twa kò san lavi anndan yon machin prive ki te kanpe toupre komisarya a. Selon premye enfòmasyon yo, se de granmoun ak yon timoun ki ta fè pati menm fanmi an. Machin nan se yon Subaru blan, ak plak AA-95824.
Daprè temwayaj kèk moun nan zòn nan, machin nan te kanpe la depi dimanch, san okenn moun pa remake anyen dwòl. Se apre yon move odè te kòmanse soti nan machin nan rezidan yo te alète lapolis.
Lè fòs lòd yo rive sou plas la, yo jwenn twa moun yo deja mouri. Premye konsta yo pa montre okenn siy vyolans sou kò viktim yo, sa ki kite anpil kesyon sou sa ki te ka pase. Pou kounye a, otorite yo poko bay detay sou kòz lanmò yo.
Evènman sa a raple yon lòt ka ki te rive anviwon de mwa pase nan zòn Charye, kote yo te jwenn moun mouri anndan yon machin tou. Repete sitiyasyon sa yo fè anpil moun ap mande tèt yo sa k ap pase vrèman.
Delege depatmantal Nò a, Marc Présumé, konfime gen yon ankèt ki louvri pou fè limyè sou dosye sa a. Pandan popilasyon an ap tann repons klè, tristès ak enkyetid kontinye anvayi vil Okap.
📲 Ne ratez rien avec Potomitanm
Recevez directement nos dernières nouvelles sur votre téléphone via notre chaîne WhatsApp officielle.
🚀 Rejoindre la chaîne WhatsApp Potomitanm


