Nan tan lontan, leve yon timoun an Ayiti te fasil . Se pa paske lavi te fasil, men paske fanmi yo te kanpe solid sou valè moral yo. Lakay Timoun sa yo te espas kote yo aprann respè, onètete, disiplin, travay di, ak krentif pou pou moun ki pi gran pase yo e menm sa ki pi Piti pase yo tou. Sa paran an te anseye nan Kay la , se menm bagay la timoun nan te tande nan katye a, nan lekòl la, e menm nan transpò piblik la. Te gen yon inite nan fason sosyete a t ap fòme timoun yo.
Jodi a, reyalite a chanje. Timoun yo ap viv nan plizyè mond an menm tan. Sa paran an anseye nan kay la se pa toujou sa timoun nan ap aprann lekòl la. Sa li tande nan machin, nan lari, nan katye a, pafwa ale kont prensip fanmi an. E pi grav toujou, rezo sosyal yo vin tounen yon “lekòl paralèl” ki pa gen kontwòl, kote tout bagay melanje: bon ak move, verite ak manti, valè ak dezòd.
Nan kontèks sa a, leve yon pitit vin tounen yon gwo defi. Anpil paran dekouraje, yo santi yo poukont yo nan batay la. Men se la menm responsablite paran an vin pi enpòtan. Paske, malgre tout enfliyans deyò yo, edikasyon Timoun yo jwenn nan kay la rete baz la. Se li ki fòme konsyans timoun nan, se li ki trase chemen li.
Kenbe pitit ou pa vle di fèmen l ak klete, ni izole l ak mond lan. Sa vle di pale avè l, koute l, korije l ak lanmou, mete limit. Sa vle di montre l diferans ant sa ki bon ak sa ki pa bon, menm lè majorite a ap fè sa ki kontrè . Sa vle di bay bon egzanp, paske timoun yo aprann plis nan sa yo wè pase nan sa yo tande.
Leve yon pitit se pa yon travay yon jou, se yon misyon pou tout lavi. Paran, kenbe pitit nou yo. Pa dekouraje. Menm si mond lan ap chanje. Bay Timoun yo bon jan edikasyon e se valè moral sa yo ou bay pitit ou se yo ki fè l bon moun nan sosyete a, bon sitwayen, e se yo ki ka bati yon Ayiti miyò nou tout swete a.
📲 Ne ratez rien avec Potomitanm
Recevez directement nos dernières nouvelles sur votre téléphone via notre chaîne WhatsApp officielle.
🚀 Rejoindre la chaîne WhatsApp Potomitanm


