Sen Valentin
Nan tan lontan, lanmou pa t prese. Lè yon gason te renmen yon fi, li te pase devan kay la plizyè fwa, li te voye je. Li te ekri ti lèt sou papye kaye, li te fè woz ak flè jaden, li te mande zanmi pote mesaj. Pafwa se te ti virewon sou champs de Mars. Genyen ki t ap chante konpa oswa twoubadou anba balkon, pandan vwazen yo t ap koute. Yon randevou te konn fèt negliz, nan fèt patronal, oswa sou plas piblik la, toujou ak respè ak pasyans.
Jodi a, si w pa poste foto pou Sen Valanten, se tankou w pa renmen moun nan. Gen moun ki reveye bonè pou chèche Wi-Fi a anvan yo di “Bonjou cheri”. Oswa, premye mesaj lanmou a pa “kijan ou ye”, men “ou wè foto mwen mete a ?”.
Sou Facebook, lanmou mezire ak “like”. Si cheri a fè 3 kè sou foto a, tout bagay anfòm. Si li fè yon ti “like” senp , gen kesyon. Sou WhatsApp, gen lanmou ki fèt ak “vu à 7h03” san repons, epi gen lòt ki mouri ak yon “ok”.
TikTok vin tounen nouvo balkon lanmou : de moun ap danse konpa, souri, pandan moun nan kòmantè yo ap mande : “Se vrè oswa se kontni ?”. Paske nan tan nimerik la, lanmou pa sèlman pou viv… li la tou pou poste, prouve ke koup la an fòm.
Nan yon peyi kote lavi pa fasil, lanmou sipoze youn nan dènye bagay ki te ka kenbe moun kanpe.
Lanmou pa toujou flè, balon, ni foto filtre.
Lanmou se manman ki leve granmaten, kè sere, pou mennen pitit li lekòl, menm lè l pa konnen si l ap retounen lakay san pwoblèm.
Lanmou se sakrifis li fè an silans, san kamera, san aplodisman.
Lanmou se ti jèn fi ki grandi ak blesi, ak mank, ak defi lavi mete sou wout li, men ki chwazi pa kite doulè fè l tounen mechan. Li chwazi renmen tèt li, chwazi diyite, chwazi espwa, menm lè lavi te ka kraze li nèt.
Lanmou se tou jèn fi ki viktim vyòl, ki pote mak nan kò ak nan kè, men ki refize mete fen ak lavi li. Malgre sa li pase, li chwazi leve, kontinye respire, kontinye kwè lavi a gen valè. Sa se kouraj. Sa se lanmou pou lavi.
Lanmou se jèn gason ki te ka vole, ki te ka antre nan vyolans, men ki chwazi yon lòt chemen. Se batay li kont grangou, kont tantasyon, kont sò a menm, pou l pa pèdi limanite li.
Lanmou se papa ki soti malgre li pa konnen si li ap rantre, men li ale chèche manje pote.
Lanmou se yon jèn òm , yon jèn fi ki renmen wè lot, avek ou san chokola yo ap pase yon bel jounen kanmenm.
Lanmou se yon sè ak ki siye jew, se yon frè ki jwe football avew, se yon zanmi ki di mwen la siw bezwen pale, oswa rete an silans…
Nan yon peyi kote bal souvan pale pi fò pase mo, lanmou se rezistans.
Li pa toujou briyan, li pa viral, li pa gen “like”.
Men se li menm ki kenbe lavi a kanpe.
Paske lanmou pa sa nou montre…
lanmou se sa nou chwazi fè, chak jou, menm lè lavi di non
Cherline Ades en collaboration avec Soraya Ades.
Si vous aimez découvrir la culture, l’art et le monde qui vous entoure, vous pouvez nous soutenir en faisant un don. !Cliquez ici !
📲 Ne ratez rien avec Potomitanm
Recevez directement nos dernières nouvelles sur votre téléphone via notre chaîne WhatsApp officielle.
🚀 Rejoindre la chaîne WhatsApp Potomitanm


