Chak 18 me, nou leve drapo ayisyen an ak fyète. Nou chante, nou mete ble ak wouj, nou sonje zansèt yo. Men vrè kesyon an se : èske nou vrèman aprann renmen drapo nou an ?
Paske renmen drapo pa sèlman mete mayo ble ak wouj oubyen poste foto sou rezo sosyal. Renmen drapo se respekte peyi a. Se pwoteje valè li. Se konprann sakrifis ki te fèt pou nou genyen li.
Drapo ayisyen an pa fèt nan jwèt. Li fèt nan san, nan batay ak nan kouraj zansèt yo ki te refize viv anba esklavaj. Chak koulè ladan l pote yon istwa. Chak fwa yon timoun gade drapo a, li ta dwe konprann se eritaj li lap gade.
Se la paran yo gen yon gwo responsablite.
Edikasyon renmen peyi dwe kòmanse lakay. Yon manman, yon papa dwe aprann pitit yo sa drapo a reprezante. Yo dwe montre yo respekte im nasyonal la, respekte peyi a, respekte lòt moun ak anviwònman yo. Paske yon timoun ki aprann renmen drapo li depi piti gen plis chans pou l grandi ak konsyans, ak respè pou nasyon li.
Jounen jodi a, anpil timoun konnen mak etranje, mizik etranje ak kilti lòt peyi plis pase istwa pa yo. Sa dwe fè nou reflechi. Si nou pa transmèt lanmou pou drapo a bay nouvo jenerasyon an, piti piti peyi a ap pèdi idantite li.
Yon drapo pa pale, men li rakonte kiyès nou ye. Li raple nou kote nou soti ak sa zansèt yo te kite pou nou. Se poutèt sa chak paran dwe fè pitit li konprann ke Ayiti pa sèlman yon kote y ap viv. Ayiti se rasin yo.
Lè yon pèp sispann renmen drapo li, li kòmanse pèdi tèt li. Men lè timoun yo aprann respekte drapo a, se lespwa yon lòt Ayiti kap kòmanse fèt.
📲 Ne ratez rien avec Potomitanm
Recevez directement nos dernières nouvelles sur votre téléphone via notre chaîne WhatsApp officielle.
🚀 Rejoindre la chaîne WhatsApp Potomitanm


