Jodi a se Fèt Manman, yon dat espesyal ki fèt pou onore tout manman yo epi mete an valè wòl ak enpòtans yo nan lavi nou ak nan sosyete a. Manman se premye moun ki akeyi nou sou latè, se yo ki pran swen nou, gide nou epi fè anpil sakrifis pou avni pitit yo.
Depi lontan, Fèt Manman te gen yon siyifikasyon espesyal pou anpil fanmi. Se te yon moman kote timoun yo ak granmoun yo te montre lanmou ak rekonesans yo anvè manman yo. Nan epòk sa yo, anpil moun te konn mete yon flè sou bò chemiz yo. Lè manman yon moun te vivan, yo te mete yon flè ki gen koulè. Lè manman an te mouri, yo te mete yon flè nwa. Se te yon fason senp men ki te chaje ak emosyon pou montre enpòtans manman yo nan lavi chak moun.
Jodi a, menm si Fèt Manman toujou ap selebre, anpil nan bèl tradisyon sa yo prèske disparèt. Teknoloji ak chanjman nan fason moun viv fè anpil nan valè sa yo pèdi fòs yo te genyen lontan. Moun toujou swete manman yo bòn fèt, fè kado oswa pibliye mesaj sou rezo sosyal yo, men anpil moun dakò lespri fèt la pa menm jan ak sa li te ye nan tan lontan.
Sa pa retire okenn valè nan fèt la. Okontrè, se yon okazyon pou nou sonje tout sakrifis manman yo fè chak jou epi pou nou montre yo rekonesans nou pa sèlman jodi a, men pandan tout ane a.
Paske kèlkeswa epòk la, manman yo ap toujou poto mitan fanmi an ak youn nan pi gwo richès yon sosyete kapab genyen.
📲 Ne ratez rien avec Potomitanm
Recevez directement nos dernières nouvelles sur votre téléphone via notre chaîne WhatsApp officielle.
🚀 Rejoindre la chaîne WhatsApp Potomitanm


