Relasyon seksyèl pa fèt pou bay doulè. Si w ap soufri chak fwa w ap fè sèks, sa pa nòmal. Sa pa yon kesyon pozisyon. Sa pa paske w “pa abitye”. E sa pa yon bagay ou dwe sipòte pou fè patnè w santi l byen.
Lè gen doulè, sa vle di gen yon bagay ki pa mache byen nan kò a. Li ka yon ti enfeksyon, yon ti blesi, oswa yon pwoblèm ki bezwen swen rapid. Gen maladi ki konn devlope dousman, san bri, e youn nan premye siy yo ka doulè pandan relasyon seksyèl.
Doulè sa a ka gen plizyè koz klè :
1) enfeksyon nan vajen oswa nan matris,
2) mank lubrification,
3)blesi oswa iritasyon,
4) pwoblèm òmòn,
5) oswa maladi ki ka pi grav, tankou pwoblèm nan kòl matris.
Gen maladi ki konn devlope san anpil siy. Doulè pandan relasyon seksyèl ka youn nan premye avètisman yo. Se poutèt sa li enpòtan pou pa neglije li.
Si w ap viv sitiyasyon sa a :
Pa fè silans.
Pa kache l pou fè patnè w plezi.
Pa di se nòmal.
Ale wè yon doktè oswa yon jinekològ pou fè egzamen ki nesesè yo. Yon konsiltasyon bonè ka evite konplikasyon pita.
Kò w bay siyal lè gen pwoblèm. Tande li.
Sante w pa dwe sakrifye pou okenn presyon sosyal.
📲 Ne ratez rien avec Potomitanm
Recevez directement nos dernières nouvelles sur votre téléphone via notre chaîne WhatsApp officielle.
🚀 Rejoindre la chaîne WhatsApp Potomitanm


