Nan anpil fanmi, pale de edikasyon seksyèl ak timoun rete yon gwo tabou. Anpil paran panse se “twò bonè”, oswa yo kwè pale de sijè sa a ap pouse timoun nan fè sa ki pa bon. Men reyalite a diferan anpil. Se pa silans ki pwoteje timoun yo, se verite ak bon edikasyon.
Edikasyon seksyèl pa vle di montre timoun nan fè sèks. Okontrè, se anseye l konprann kò li, rekonèt limit li, konnen sa ki bon ak sa ki pa bon, epi aprann di non lè li santi l an danje. Depi timoun piti, yo dwe konnen kò yo se pwòp pa yo, e pèsonn pa gen dwa manyen yo san konsantman yo.
Lè paran yo evite sijè sa a, timoun nan ap chèche repons lòt kote: sou entènèt, nan zanmi, oswa bò kote moun ki pa gen bon entansyon. Se la danje a kòmanse. Move enfòmasyon,manipilasyon, abi seksyèl ak chòk sikolojik souvan soti nan mank dyalòg nan fanmi an.
Fè edikasyon seksyèl depi timoun piti, selon laj yo, se prepare yo pou lavi. Se ede yo konprann reyalite mond lan, san yo pa pè, san konfizyon. Se bati konfyans ant paran ak pitit, pou timoun nan santi li ka pale, poze kesyon, epi jwenn repons san jijman.
Edikasyon seksyèl se pa yon wont, se yon pwoteksyon. Paran ki pale ak pitit yo ap ranje yo pi byen pase paran ki chwazi silans.
📲 Ne ratez rien avec Potomitanm
Recevez directement nos dernières nouvelles sur votre téléphone via notre chaîne WhatsApp officielle.
🚀 Rejoindre la chaîne WhatsApp Potomitanm


