Gen lontan, Fèt lèwa yo te yon repè enpòtan nan lavi kiltirèl, relijye ak edikatif ann Ayiti. Nan epòk sa a, lekòl pa t konn relouvri pòt yo anvan selebrasyon Fèt Lèwa , yo rele tou Epifani, ki fèt chak 6 janvye. Se te yon fason pou respekte rit tan an ak tradisyon peyi a.
Jodi a, sitiyasyon an chanje anpil. Depi 5 janvye, plizyè lekòl, sitou lekòl katolik, te deja rekòmanse aktivite yo, san yo pa tann jou Fèt lèwa. Chanjman sa a montre klèman kijan anpil nan tradisyon nou yo ap pèdi plas yo nan sosyete a.
Malgre tout sa, nan kèk zòn riral, gen fidèl ki kontinye respekte selebrasyon an. Yo kenbe tradisyon an vivan, sa ki mete yon diferans klè ant pratik nan pwovens ak sa k ap fèt nan vil yo, kote lavi a vin pi enfliyanse pa modèl mond sa .
Nan sektè sekilye a , pa gen anpil siy ki raple Fèt Lèwa yo ankò. Aktivite fèt fen ane ak Nouvèl Ane yo te fèt ant 15 desanm ak 2 janvye, san yo pa kite espas pou pwolonje moman fèt la jouk 6 janvye.
Fèt lèwa yo, oswa Epifani, selebre chak 6 janvye, oswa premye dimanch mwa janvye selon peyi yo. Nan tradisyon kretyen, li make vizit twa wa maj yo bay timoun Jezi, apre yo te swiv zetwal Betleyèm nan.
Ann Ayiti, menm si Fèt lèwa yo toujou prezan nan liv ak nan memwa kolektif la, fason yo te konn selebre li ap disparèt ti kras pa ti kras, menm jan ak anpil lòt koutim ki te konn bay sosyete a sans ak idantite.
Se poutèt sa li enpòtan pou nou pran konsyans de valè tradisyon sa yo epi fè efò pou nou prezève yo. Tradisyon pa senp abitid, yo se rasin ki mare nou ak istwa nou, ak idantite nou kòm pèp. Si nou kontinye neglije yo, nou riske pèdi plis pase senp selebrasyon : n ap pèdi memwa kolektif nou. Kenbe Fèt Wa yo vivan, menm nan ti jès senp, se yon fason pou n transmèt eritaj nou bay jenerasyon k ap vini yo epi montre ke kilti ayisyèn toujou gen plas li nan lavi modèn nan.
📲 Ne ratez rien avec Potomitanm
Recevez directement nos dernières nouvelles sur votre téléphone via notre chaîne WhatsApp officielle.
🚀 Rejoindre la chaîne WhatsApp Potomitanm


