Nan sosyete n ap viv la, anpil moun konnen yo ekspoze tèt yo ak move abitid, men yo souvan minimize konsekans yo. Malgre se vre chak moun gen responsabilite sou pwòp lavi li, ekspè nan domèn sante yo raple li enpòtan anpil pou aprann jere tèt nou pou nou diminye risk maladi grav tankou kansè.
Kansè pa parèt san rezon. Nan anpil ka, li devlope dousman, kòm rezilta abitid ki pa bon pou sante a. Fimen sigarèt, bwè alkòl an kantite, manje ki twò gra oswa konsome twòp magi, ansanm ak mank aktivite fizik, se pami faktè ki pi souvan asosye ak aparisyon kansè. Malgre moun yo konn fè chwa sa yo konsyan, danje a rete reyèl.
Anplis de sa, ekspozisyon ak pwodui chimik yo danjere, lafimen fatra yo, kapab tou mete sante moun an danje. Genyen tou kèk enfeksyon, tankou epatit ak HPV, ki ka lakòz kansè si yo pa trete. Se pou sa prevansyon pa yon liks, men yon nesesite.
Pwofesyonèl lasante yo ensiste sou enpòtans chanje abitid lavi. Manje plis fwi ak legim, pratike aktivite fizik regilyèman, evite tabak ak alkòl, epi fè tès depistaj lè sa posib, se mezi senp ki ka sove lavi. Jere estrès ak pran tan pou repoze kò a gen wòl pa yo tou.
Mesaj la klè : pran swen tèt ou se pa feblès, se yon prèv konsyans. Paske pi bon batay kont kansè se prevansyon, e prevansyon kòmanse ak bon desizyon chak jou.
📲 Ne ratez rien avec Potomitanm
Recevez directement nos dernières nouvelles sur votre téléphone via notre chaîne WhatsApp officielle.
🚀 Rejoindre la chaîne WhatsApp Potomitanm


