Nan tan lontan, fèt Pak te gen yon gwo plas nan lavi anpil fanmi. Se te yon moman sakre kote lafwa ak tradisyon t ap mache men nan men. Depi kòmansman Semèn Sen an, anpil moun te konn prepare yo espirityèlman. Sila yo ki te kwayan te ale legliz pou sèvis, pou konsekrasyon, pou lapriyè, pandan lòt moun, menm si yo pa t pratike relijyon, te toujou respekte moman an e yo te patisipe nan selebrasyon an nan fason pa yo.
Pak pa t sèlman yon fèt, se te yon tradisyon. Fanmi yo te reyini lakay yo, yo te prepare manje espesyal, sitou pwason, kòm senbòl peryòd la. Men se pa t epòk pou gwo depans ni gwo manje lou. Se te ti manje lejè, senp, men chaje ak sans, pou komemore rezirèksyon Jezi ak pou viv moman an nan lapè ak respè.
Epòk sa tou te gen yon lòt bèl imaj ki te make Pak la : ti gason yo te konn monte kap, sa nou rele sèvolan. Syèl la te konn plen koulè. Se te yon senbòl lajwa ak inosan, yon fason pou timoun yo patisipe nan fèt la tou. Ri yo te vivan, fanmi yo te ansanm, kominote a te santi l ini.
Jodi a, anpil nan tradisyon sa yo prèske disparèt. Lespri senplisite ak respè ki te konn make Pak la pa parèt menm jan ankò. Tan chanje, moun chanje, e ak chanjman sa yo, gen kèk valè ki sanble ap pèdi pwa yo nan sosyete a.
📲 Ne ratez rien avec Potomitanm
Recevez directement nos dernières nouvelles sur votre téléphone via notre chaîne WhatsApp officielle.
🚀 Rejoindre la chaîne WhatsApp Potomitanm


