Nan anpil legliz, gen yon lide ki enpoze tankou yon verite absoli : yon moun pa gen dwa renmen yon lòt moun ki pa legliz. Relasyon ki sòti deyò kad relijye a souvan make kòm peche, kòm dezobeyisans, kòm yon danje pou lafwa. Konsa, lanmou pa rete yon chwa pèsonèl ankò, li vin tounen yon kesyon obeyisans relijye.
Men an reyalite, renmen yon moun oswa antre nan yon relasyon pa gen okenn rapò dirèk ak relijyon. Lanmou se yon santiman imen, li baze sou konpreyansyon, respè, afeksyon ak matirite emosyonèl. Li pa depann de kote yon moun priye ni de etikèt li pote. Lè relijyon eseye kontwole chwa sa a, li depase misyon espirityèl li e li antre nan lavi prive moun.
Majorie se yon egzanp vivan de konsekans presyon sa a. Depi li piti, papa li, ki se yon pastè, toujou repete li dwe sèlman renmen yon moun ki nan legliz. Pou li, nenpòt lòt relasyon se peche. Diskou sa a vin fòme tout fason Majorie wè lanmou. Li grandi ak laperèz, ak koupabilite, ak krent pou dezobeyi Bondye si li suiv kè li.
Jodi a, Majorie gen trant-sis lane e li poko janm viv yon lanmou vre. Moun ki nan legliz la pa atire li, li pa santi koneksyon ak yo. Men an menm tan, li pa janm bay tèt li dwa pou l ouvè kè li bay yon moun ki deyò legliz la, paske laperèz ak jijman toujou prezan. Li rete bloke ant sa li santi ak sa yo te fòse l kwè.
Sitiyasyon sa a poze yon kestyon fondamantal : èske relijyon la pou libere moun oswa pou mete yo nan chenn emosyonèl? Lè legliz itilize lafwa pou fè moun pè lanmou, li pa pwoteje moral, li kreye fristrasyon, solitid ak blesi enteryè. Anpil moun ap viv lavi yo ap chèche aksepte pa kominote a, pandan yo ap inyore pwòp bonè yo.
Renmen pa peche. Chwazi yon moun ki respekte w, ki konprann w, ki mache ak ou nan lavi, pa ta dwe yon sous koupabilite. Lanmou pa yon menas pou lafwa. Okontrè, li se youn nan eksperyans ki pi imen Bondye mete nan kè moun.
Lè relijyon vin entèdi lanmou olye li ankadre respè ak responsabilite, li pèdi sans li. Paske Bondye pa janm kreye lanmou pou l tounen yon prizon.
📲 Ne ratez rien avec Potomitanm
Recevez directement nos dernières nouvelles sur votre téléphone via notre chaîne WhatsApp officielle.
🚀 Rejoindre la chaîne WhatsApp Potomitanm


