Sa pa nòmal. Sa pa akseptab. Sa pa ta dwe posib nan okenn peyi ki pran tèt li oserye. An Ayiti, an 2026, gen timoun ki gen 16 ane ki pa konnen kisa Palè Nasyonal ye. Yo pa janm wè li kanpe. Yo pa janm pase devan li. Yo konnen li sèlman sou foto.
Sa se yon echèk grav Leta a.
Palè Nasyonal la se senbòl prensipal pouvwa Leta a, se figi Repiblik la. Lè yon timoun rive nan laj 16 an san li pa janm wè senbòl sa a egziste an reyalite, se paske Leta a pa fè travay li. Nou pa ka kontinye kache dèyè diskou, komemorasyon, ni eskiz.
Depi 12 janvye 2010, plis pase sèz (16) ane pase. Yon jenerasyon antye fèt, grandi, antre nan adolesans san yo pa janm wè Palè Nasyonal la kanpe. Sa vle di timoun sa yo grandi nan yon peyi kote absans vin nòmal, kote pwovizwa vin pèmanan, kote Leta parèt fèb, lwen, prèske envizib.
Otorite yo dwe konprann sa : lè senbòl Leta yo kraze epi yo pa rebati, se respè ak konfyans popilasyon an yo kraze tou. Kijan nou vle jèn yo kwè nan Leta, respekte enstitisyon yo, bati avni yo isit la, si Leta pa menm kapab leve pwòp senbòl li ?
12 janvye se yon rapèl sou responsablite nou pa janm pran. Rekonstwi Palè Nasyonal la, se pa yon favè. Se yon devwa istorik, moral ak politik.
Yon timoun pa ta dwe aprann kisa Palè Nasyonal ye atravè foto sèlman. Otorite yo dwe reponn. Tan an fin pase. Responsablite a klè.
📲 Ne ratez rien avec Potomitanm
Recevez directement nos dernières nouvelles sur votre téléphone via notre chaîne WhatsApp officielle.
🚀 Rejoindre la chaîne WhatsApp Potomitanm


