Jodi a, 18 novanm 2026, se yon dat ki gen anpil siyifikasyon nan listwa pèp ayisyen an. Se okazyon pou nou sonje batay Vètyè a, dènye gwo batay ki te louvri chemen pou viktwa revolisyon ayisyen an ak endepandans peyi a. Se yon dat ki dwe fè chak Ayisyen reflechi sou sakrifis zansèt nou yo, sou valè libète a ak sou responsablite nou genyen anvè peyi nou.
Men, nan ki nivo pitit nou yo konnen sa 18 novanm reprezante? Konbyen paran ki pran tan pou esplike timoun yo sa ki te pase nan Vètyè, kiyès ki te goumen, poukisa batay sa a te enpòtan e ki eritaj li kite pou jenerasyon jodi a?
Chè paran, pran tan pou pale ak pitit nou yo de listwa peyi a. Pa kite dat tankou 18 novanm pase tankou yon senp jou konje oswa yon jou selebrasyon san timoun yo pa konprann sans li. Rakonte yo istwa zansèt nou yo, pale yo de kouraj, detèminasyon ak sakrifis moun ki te goumen pou libète nou.
Li enpòtan pou timoun yo konnen kote yo soti, ki batay ki te mennen peyi a kote li ye jodi a ak ki valè yo dwe pote kòm eritye yon pèp ki te fè listwa.
Travay sa a pa dwe tann lekòl sèlman. Se nan fanmi an tou edikasyon istorik la dwe kòmanse. Lè yon timoun konnen listwa peyi li, li aprann konprann valè libète, diyite, solidarite ak sakrifis.
Nou pa ka mande jenerasyon k ap grandi a renmen Ayiti si nou pa pran tan pou montre yo poukisa peyi sa a merite lanmou yo. Nou pa ka mande yo reve yon lòt Ayiti si yo pa konnen ki batay ki te mennen zansèt nou yo mete yon nasyon sou pye.
Jodi a, lè n ap gade reyalite peyi a, nou dwe fè pitit nou yo konprann tou kondisyon nou ap viv la pa dwe konsidere kòm yon bagay nòmal. Listwa nou se yon temwayaj sou sa yon pèp kapab reyalize lè li gen kouraj, vizyon ak detèminasyon pou chanje sò li.
Travay la dwe fèt depi kounye a. Ann pale ak pitit nou yo, ann rakonte yo istwa Ayiti, ann fè yo konnen eritaj yo pote a. Paske renmen peyi pa sèlman vle di chante im nasyonal oswa leve drapo nan jou fèt nasyonal. Se konnen peyi a, respekte listwa li epi santi nou gen yon responsablite pou kontribye nan chanjman li.
18 novanm pa dwe rete yon dat nou selebre chak ane san nou pa konprann sans li. Se yon leson nou dwe transmèt bay jenerasyon k ap vini yo.
Paran, jodi a, pran kèk minit pou pale ak pitit ou sou Vètyè. Fè yo konnen kote yo soti, pou yo ka pi byen konprann kote yo dwe rive.
Paske yon jenerasyon ki pa konnen listwa li riske pèdi sans orijin li. Epi yon peyi pa ka bati yon lòt avni san li pa aprann nan listwa li.
18 novanm 1803 – 18 novanm 2026. Vètyè se eritaj nou, se memwa nou, se yon leson nou dwe kontinye transmèt.
📲 Ne ratez rien avec Potomitanm
Recevez directement nos dernières nouvelles sur votre téléphone via notre chaîne WhatsApp officielle.
🚀 Rejoindre la chaîne WhatsApp Potomitanm


