Dife ki ravaje mache Dumornay nan Gérald Bataille nan nuit 10 pou rive 11 desanm lan pa sèlman kraze depo ak machandiz Machann yo. Li kraze espwa, li frape fanmi, li retire sous revni moun ki chak jou leve bonè pou lite ak diyite. Pou anpil nan machann yo, sa ki pase a se pa yon senp bagay : se yon pèsepsyon douloure sou mank respè ak valè travay moun nan sosyete a.
Nan mache tankou Dumornay, chak ti bwat sere, chak sak diri, chak galon lwil ki ranje sou yon tab se rezilta gwo sakrifis. Gen moun ki prete, ki pran risk ekonomik, ki fè anpil sakrifis ak lavi yo pou kapab nouri pitit, ede manman, sipòte mari oswa fanmi yo ki depann totalman de aktivite yo. Lè yon dife kèlkeswa kòz li rale tout sa nan kèk minit, konsekans yo pa janm sèlman materyèl. Yo manyen kè, yo kraze diyite, yo chanje lavi.
Pa gen okenn rezon, okenn jistifikasyon, ki kapab fè moun kwè li nòmal pou detwi byen yon lòt moun. Paske dèyè chak machandiz, gen swe ;gen timoun k ap tann manje lakay ; dèyè chak bwat pwodui, gen yon moun ki gen responsablite, ki pa gen sekou, ki pa gen garanti, men ki kontinye travay ak kouraj.
Nan mitan flanm sa yo, sosyete a dwe jwenn yon glas pou gade tèt li :
1) Ki valè nou ba travay onèt?
2) Ki jan nou pwoteje moun ki pi vilnerab yo?
3)Ki konsekans mechanste genyen sou lavi moun, sou fanmi yo, sou kominote yo?
Lè yon moun detwi travay yon lòt,Li retire manje nan bouch timoun. Li retire medikaman nan men granmoun. Li retire lespwa nan kè fanmi ki pa gen lòt pilye pou kanpe. Li retire demen moun yo.
Machann yo nan Dumornay pa t rich. Yo pa t chita nan gwo biwo. Yo pa t gen pwoteksyon. Men yo te gen diyite nan travay yo. Yo te gen fòs pou leve chak jou. Yo te gen volonte pou pran swen moun ki konte sou yo. E se sa ki fè destriksyon sa a tèlman lou : li touche moun ki deja pote pi gwo chay lavi a.
Jodi a, kominote a mande repons ak jistis. Men plis pase sa, li mande respè. Respè pou travay moun. Respè pou lavi moun. Respè pou moun ki pa gen vwa men ki soutni ekonomi lokal la chak jou. Nan yon peyi kote chak pyès gen valè, kote chak moun ap lite pou siviv, nenpòt zak ki mete plis chay sou do moun ki deja ap soufri se yon zak ki kontre ak moral, ak etik, ak limanite.
Se pou dife Dumornay la sèvi kòm yon apèl konsyans. Paske chak fwa n a detwi travay yon moun, se pa sèlman machandiz k ap boule. Se solidarite n ap febli, se kominote n ap fè pi frajil, se limanite n ap voye nan dife
📲 Ne ratez rien avec Potomitanm
Recevez directement nos dernières nouvelles sur votre téléphone via notre chaîne WhatsApp officielle.
🚀 Rejoindre la chaîne WhatsApp Potomitanm


