Nan okazyon Jounen Mondyal Sante Mantal la, li enpòtan pou nou poze yon kesyon : kiyès k ap pran swen sante mantal polisye k ap riske lavi yo chak jou pou pwoteje popilasyon an ?
An Ayiti, travay yon polisye pa fasil. Li oblije fè fas ak ensekirite, gwoup ame, sitiyasyon ki gen anpil danje ak gwo presyon.
Yon polisye gen fanmi pou l okipe, pitit pou l bay manje ak lekòl pou l peye. Se poutèt sa, li bezwen yon salè ki apwopriye, ki peye alè, bon kondisyon travay ak aksè ak sèvis sikolojik.
Yon moun ki gen zam nan men li dwe jwenn akonpayman sikolojik ki nesesè pou l kapab byen jere emosyon li epi ranpli misyon li avèk responsablite.
Lè yon polisye reyaji mal, sa pa vle di se fristrasyon ki lakòz sa nan tout ka. Men, estrès, fatig ak pwoblèm pèsonèl kapab enfliyanse konpòtman yon moun. Sa pa jistifye okenn abi sou popilasyon an, men li montre poukisa prevansyon ak swivi sikolojik enpòtan.
Leta ak direksyon Polis Nasyonal d Ayiti dwe pran responsablite yo. Fòk gen sikològ ki disponib pou polisye yo, pi bon kondisyon travay, salè ki regilye ak sipò pou ajan ki sibi chòk sikolojik.
Pran swen sante mantal polisye yo pa yon liks. Se yon nesesite pou ede yo pwoteje tèt yo, kòlèg yo ak popilasyon an.
Mesaj la klè : nou pa kapab mande polisye yo pou yo pwoteje lavi moun san nou pa pran swen lavi ak sante mantal yo tou.
📲 Ne ratez rien avec Potomitanm
Recevez directement nos dernières nouvelles sur votre téléphone via notre chaîne WhatsApp officielle.
🚀 Rejoindre la chaîne WhatsApp Potomitanm


