Nan tan lontan, fèt Nwèl te gen yon sans pwofon nan lavi moun. Se te yon moman pataje, yon moman lanmou ak inite. Timoun yo te abiye ak anpil kè kontan, fanmi yo te konn ap vizite lòt fanmi, kado t ap sikile, epi lakay chak moun te gen espwa ak chalè imen. Nwèl lontan se te yon senbòl solidarite.
Men jodi a, 25 desanm 2025, anpil moun ap poze tèt yo menm kesyon an : èske tout sa toujou respekte ?
Reyalite a parèt diferan. Pou anpil fanmi, difikilte ekonomik, ensekirite ak estrès lavi chak jou vin pran plas lajwa fèt la. Timoun ki te konn reve rad nouvo ak ti kado ap fè fas ak fristrasyon. Gen fanmi ki pa ka reyini ankò, swa poutèt distans, swa poutèt kondisyon lavi ki vin pi difisil.
Nan anpil kominote, Nwèl pa gen menm anbyans ak avan. Olye mizik, ri ak pataje, gen silans, enkyetid ak kestyonman. Lespri lanmou ak solidarite a parèt ap febli, pandan chak moun ap lite pou siviv.
Malgre tout sa, Nwèl pa oblije pèdi sans li nèt. Gen moun ki toujou chwazi pataje ti sa yo genyen, ki bay yon mo ankourajman, yon ti jès lanmou, oswa ki chita ansanm ak fanmi yo menm san anpil mwayen. Se nan jès senp sa yo lespri Nwèl la ka kontinye viv.
Kesyon an rete ouvè pou sosyete a : èske n ap kite Nwèl vin tounen yon senp dat, oswa n ap chwazi retounen nan valè pataje, lanmou ak inite ki te fè li espesyal ?
Repons lan depann de chak grenn sitwayen, chak fanmi, chak kominote. Paske Nwèl, an reyalite, pa sa nou genyen, men sa nou bay.
📲 Ne ratez rien avec Potomitanm
Recevez directement nos dernières nouvelles sur votre téléphone via notre chaîne WhatsApp officielle.
🚀 Rejoindre la chaîne WhatsApp Potomitanm


