Aprè bèl viktwa 4-1 Ayiti sou Repiblik Dominikèn nan, kèk sipòtè ayisyen te chwazi fè yon lòt jès ki merite atansyon. Olye yo kite fatra dèyè yo nan estad la, yo te pran tan pou yo ranmase epi netwaye espas kote yo te chita a.
Se yon ti jès, men li pote yon gwo mesaj sou respè pou espas piblik ak anviwònman an. Viktwa a te pote kè kontan, men sipòtè yo montre selebrasyon an kapab fèt san yo pa bliye responsablite chak sitwayen.
4-1 sou teren an, respè ak pwòpte deyò teren an.
Yon bèl imaj pou Ayiti, yon bèl leson sitwayènte pou tout moun.
📲 Ne ratez rien avec Potomitanm
Recevez directement nos dernières nouvelles sur votre téléphone via notre chaîne WhatsApp officielle.
🚀 Rejoindre la chaîne WhatsApp Potomitanm


