Nan epòk sa n ap viv la, rezo sosyal yo vin tounen yon pati enpòtan nan lavi nou chak jou. Facebook, WhatsApp, Instagram, TikTok ak lòt platfòm yo pèmèt moun kominike, pataje enfòmasyon, fè biznis, aprann epi fè tande vwa yo. Men, malerezman, olye anpil moun itilize rezo sa yo pou konstwi, yo chwazi sèvi ak yo pou detwi lavi lòt moun.
Chak jou, gen moun k ap viktim denigrasyon, manti, fo enfòmasyon, ak imilyasyon piblik sou rezo sosyal yo. Yon foto modifye, yon videyo koupe, oswa yon akizasyon san prèv sifi pou sal repitasyon yon moun, kraze fanmi li, fè li pèdi travay li, oswa menm plonje li nan depresyon. Sa ki pi grav la, se lè moun pataje kontni sa yo san reflechi, san yo pa chèche konnen verite a, jis pou fè “buzz” oswa jwenn like.
Rezo sosyal yo vin tounen yon tribinal san jij, kote tout moun santi yo gen dwa jije, kondane, e lapide lòt moun ak mo. Yo bliye dèyè ekran telefòn nan osinon òdinatè a gen yon moun vivan, ak santiman, ak fanmi, ak rèv.
E poutan, menm rezo sosyal sa yo ta ka sèvi pou anpil bèl bagay. Yo ka ede jèn yo jwenn enfòmasyon edikatif, ankouraje antreprenarya, fè pwomosyon kilti, sansibilize sou pwoblèm sosyal, pote solidarite, epi kreye opòtinite ekonomik. Yo ka sèvi pou leve konsyans, pou ini moun, pou bay espwa.
Kesyon an se pa di rezo sosyal yo bon oswa move. Kesyon an se kijan n ap itilize yo. Chak itilizatè gen yon responsablite moral. Anvan nou poste, pataje oswa kritike, nou dwe poze tèt nou yon kestyon : Èske sa m pral fè a ap konstwi oswa detwi ?
Yon sosyete pa ka avanse lè li pran plezi nan kraze lòt moun. Rezo sosyal yo dwe tounen zouti pou limyè, pa pou fènwa.
📲 Ne ratez rien avec Potomitanm
Recevez directement nos dernières nouvelles sur votre téléphone via notre chaîne WhatsApp officielle.
🚀 Rejoindre la chaîne WhatsApp Potomitanm


