Otorite sante yo ap lanse yon avètisman sou danje Hantavirus, yon viris ki kapab lakòz gwo pwoblèm nan poumon epi mete lavi moun an danje. Daprè enfòmasyon yo, viris la gaye sitou atravè pipi, poupou oswa saliv sourit ki enfekte.
Espesyalis yo fè konnen yon moun kapab trape maladi a lè l ap bale oswa netwaye kote ki sal san pwoteksyon, sitou lè pousyè ki gen viris la antre nan nen, bouch oswa je moun nan. Kay abandone, depo, jaden ak lòt kote sourit konn viv reprezante gwo risk pou popilasyon an.
Pami sentòm yo genyen : lafyèv, maltèt, doulè nan misk, fatig, tous ak difikilte pou respire. Sentòm sa yo kapab parèt ant 1 ak 8 semèn apre kontak ak viris la. Otorite yo konseye nenpòt moun ki santi siy sa yo ale lopital touswit.
Pou evite maladi a, responsab sante yo rekòmande pou moun pa bale sèk kote ki gen poupou sourit. Yo konseye itilize dlo ak klowòks pou netwaye espas yo, mete mask ak gan pandan netwayaj, kenbe kay yo pwòp epi itilize pyèj pou kontwole sourit yo.
Otorite yo raple timoun, fanm ansent ak granmoun aje yo plis ekspoze ak risk maladi a. Yo mande popilasyon an rete vijilan pou pwoteje tèt yo, fanmi yo ak kominote yo.
📲 Ne ratez rien avec Potomitanm
Recevez directement nos dernières nouvelles sur votre téléphone via notre chaîne WhatsApp officielle.
🚀 Rejoindre la chaîne WhatsApp Potomitanm


